Tan lalin klè
Se yon karako pwetik ki fèt ak retay rèv ak lespwa. Yon vizyon ki chita sou chouk lanmou grandèt (paran ak granparan) te plante nan nanm mwen. Kote ki gen lanmou pa dwe gen lenjistis. Se sa ki fè zèv sa a se yon denonsyasyon tout mal ki kenbe pèp ayisyen nan gagann, anpeche li respire. Tan lalin klè se yon sous ki ap pote dlo libète ak jistis pou yon Ayiti toutbon.
25,00C$ Prix original
20,00C$Prix promotionnel

